Jean Pierre Jacques Adler plonje nan lang lan, li monte ak men li plen zetwal, plen mizik fon lanmè, plen imaj kote anpil kontrè, anpil kontras brase pou efase yon seri limit. Foli a fofile lale nan van Foli a tounen limon nan souf mwen Li pa rete arebò pou l peche ti mo yenyen, li lage liy jis nan fon lanmè, se la li ale jofre anba wòb pou l pale lanmou, pou l montre se kò fanm ki louvri rèv, ki desinen lavi a. Yon lavi ki ta yon mèvèy si nou te vle, tankou Paul Eluard te di. Men zòt pran l li filange l, li depatcha l. Bonel Auguste.
Jacques Adler Jean Pierre fèt Cayes-Jacmel. Li se jounalis, komedyen, bibliyotekè, powèt. Li pibliye anpil atik ak powèm nan jounal Le Nouvelliste ak Le Matin. Depi nan lanne 2008, li se vis prezidan APOLECT (Actions pour la lecture). Li se vis prezidan CCCM (Centre culturel Charles Moravia) nan Jacmel. Powèm li yo pibliye nan peyi d Ayiti ak nan peyi etranje nan revi ak antoloji : Revue d'art, de littérature, Musiques (RAL'M), Les jeunes poètes d'Haiti... Li se responsab seksyon kiltirèl Radio Caraibes FM/94.5 depi nan mwa novanm 2009, kote li anime yon kwonik ak yon magazin kiltirèl.