Image-Description
Jean Pierre Jacques Adler

Jacques Adler Jean Pierre fèt Cayes-Jacmel. Li se jounalis, komedyen, bibliyotekè, powèt. Li pibliye anpil atik ak powèm nan jounal Le Nouvelliste ak Le Matin. Depi nan lanne 2008, li se vis prezidan APOLECT (Actions pour la lecture). Li se vis prezidan CCCM (Centre culturel Charles Moravia) nan Jacmel. Powèm li yo pibliye nan peyi d Ayiti ak nan peyi etranje nan revi ak antoloji : Revue d'art, de littérature, Musiques (RAL'M), Les jeunes poètes d'Haiti... Li se responsab seksyon kiltirèl Radio Caraibes FM/94.5 depi nan mwa novanm 2009, kote li anime yon kwonik ak yon magazin kiltirèl.